The Michigan Department of State / Secretary of State will never ask people to send money or personal information via text message, email or QR code. Please contact the Michigan Department of Attorney General for more information on how to identify scams and to file a complaint.
Sèvis lang - Kreyòl Ayisyen (Haitian Creole)
Dokiman ki Tradui yo
Tradiksyon navigatè (Chwazi onglè)
-
Kloz non responsablite
-
Safari
-
Google Chrome
-
Microsoft Edge
Safari
Safari ofri tradiksyon navigatè an Arab, Chinwa (Senplifye), Fransè, Alman, Italyen, Japonè, Koreyen, Pòtigè, Ris, ak Espanyòl.
Òdinatè
- Louvri navigatè Safari a epi chwazi View, apre sa, Translation nan meni dewoulan an.
- Mete navigatè ou a nan lang prefere w, ki pa Anglè.
- Ale sou paj wèb ou vle tradui a.
- Yon bouton tradiksyon ap parèt. Tradiksyon yo ka pa disponib pou tout paj yo.
- Seleksyone bouton Translate la ak lang prefere w
iPhone oswa iPad
- Louvri navigatè Safari a sou aparèy mobil ou epi ale nan paj wèb ou vle tradui a.
- Chwazi ikon "aA" akote ba adrès la pou wè opsyon sit yo. Soti nan meni dewoulan an, chwazi Tradui nan ak lang prefere ou a.
- Chwazi Enable Translation si yon meni enstantane afiche. Remake byen, y ap mande w sèlman pou aktive tradiksyon an yon sèl fwa.
- Aparèy Apple ki gen sistèm operasyon pi ansyen pase IOS 14.0, pap genyen fonksyonalite sa a ladan l. Telechaje aplikasyon Google Translate app or Microsoft Translator app sou aparèy ou a pou w jwenn aksè ak tradiksyon yo
Òdinatè
- Louvri navigatè Chrome nan epi ale nan paj wèb ou vle tradui a. Yon meni enstantane Google Translation ka parèt.
- Chwazi lang ou prefere nan meni an pou tradui paj la.
- Si meni tradiksyon an pa parèt, chwazi bouton Google Translate la. Chwazi lang ou prefere nan meni an pou tradui paj la.
- Pou jwenn plis lang pou tradiksyon, chwazi bouton Google Translate, epi chwazi ikonn meni aksyon an.
- Nan meni dewoulan an, chwazi Choose Another Language epi chwazi lang ou prefere nan meni a.
Telefòn oswa tablèt Android
- Louvri navigatè Chrome sou aparèy mobil ou a epi ale nan paj wèb ou vle tradui a.
- Yon meni Google Translation ka parèt.
- Chwazi lang ou prefere nan meni an pou tradui paj la.
- Pou jwenn aksè nan plis lang pou tradiksyon, chwazi ikonn meni aksyon an epi chwazi More Languages epi chwazi lang ou prefere nan meni dewoulan an.
- Lè w louvri Microsoft Edge browser, seleksyon twa ti pwen ki adwat anwo navigatè w la epi seleksyone Paramèt nan lis ki dewole a.
- Nan bò gòch fenèt navigatè w la, chwazi Languages epi konfigire lang ou prefere lè w chwazi Add languages epi suiv enstriksyon yo.
- Si w vizite yon paj ki pa tradui nan lang ou prefere a, yon meni tradiksyon enstantane ka parèt nan ba adrès la.
- Swiv enstriksyon yo pou chwazi lang ou prefere epi chwazi Translate pou tradui paj la.
Tranzaksyon ak sèvis Sekretè Deta a
-
Sèvis entèpretasyon lè w vizite biwo a
Biwo yo bay sèvis entèpretasyon pa telefòn ak aparèy asistans pou lòt sèvis ki pa tès yo. Ou ka mande sèvis sa a lè w pral pran randevou. Avi davans oswa demann pou yon entèprèt pa nesesè. Pou sipò oswa asistans, tanpri imèl MDOS-Access@Michigan.gov.
-
Tout biwo Sekretè Deta yo ofri tradiksyon pou egzamen konduit nan lang sa yo:
- Albanyen
- Arab
- Chinwa
- Dari
- English
- Farsi
- Fransè
- Grèk
- Hindi
- Italyen
- Japonè
- Koreyen
- Pashto
- Polonè
- Pòtigè
- Ris
- Espanyòl
- Ikrenyen
- Vyetnamyen
- Bangla
- Biman
- Chaldean
- Karen
- Kibembe
- Kinyarwanda
- Kirundi
- Lao
- Malay
- Punjabi
- Urdu
- Woumen
- Swahili
Yo ofri egzamen pou lisans chofè, bisiklèt ak motè, motosiklèt, ak veyikil rekreyatif (Doub R) tou nan lang sa yo nan biwo Sekretè Deta a:
- English
- Espanyòl
- Arab
Pou lòt lang ki pa nan lis anba a, ou ka jwenn enfòmasyon sou entèprèt ki disponib yo lè w rele nan 888-SOS-MICH (888-767-6424), voye yon imèl nan MDOS-Access@Michigan.gov oswa ale nan Biwo Sekretè Deta a.
Entèprèt ki disponib yo ka ofri sèvis yo nan kèk biwo Sekretè Deta yo epi yo pa otorize pou peye yo.
Volontè pou entèprete rezilta tès yo
Si ou ta renmen fè yon moun entèprete yon tès, yon odyans, oswa yon re-egzamen pou ou, yo pral bezwen soumèt yon aplikasyon pou sèvi antanke entèprèt inik. Depatman an dwe otorize entèprèt inik ou a anvan vizit ou a pwograme epi li kapab sèlman bay entèpretasyon pou tès, odyans, oswa reegzamen ou.
Pou aplike pou vin yon entèprèt, yon moun dwe:
- Ranpli epi siyen Fòmilè Demann pou Ofri Sèvis Entèpretasyon Volontèman. Seleksyone opsyon entèprèt endepandan
- Bay yon foto oswa yon fotokopi lisans chofè oswa idantifikasyon ki valid
Voye dokiman yo mande yo pa lapòs, faks oswa pa imel:
Michigan Department of State
Enforcement Division
P.O. Box 30708
Lansing, MI 48909Faks: 517-335-3241
Imèl: SOS-OIS@Michigan.govLè depatman an fin revize aplikasyon an, anplwaye yo pral kontakte aplikan an pou fè li konnen lè yo apwouve li pou ofri sèvis entèpretasyon endepandan.
-
Kounye a, anpil tranzaksyon kapab fèt an liy, tankou renouvèlman yon plak machin, lisans chofè oswa renouvèlman idantifikasyon eta a, ak kopi tit demann. Lè w sèvi ak yon fonksyon tradiksyon otomatik sou navigatè w la, ou ka jwenn aksè nan sitwèb nou an epi konplete tranzaksyon sou entènèt nan lang ou prefere. Vizite paj anvan an pou w wè enstriksyon pou tradiksyon otomatik nan sitwèb Depatman Deta a.
-
Pran randevou nan yon estasyon sèvis otomatik pou renouvle papye machin ou, kat ak plak imatrikilasyon machin ou oswa pou renouvle pèmi konduit ou oswa kat idantite w si yo pa mande foto. Tout 160 estasyon sèvis otomatik Sekretè Deta yo ofri sèvis tradiksyon nan lang sa yo:
- Arab
- Bengali
- English
- Fransè
- Mandaren
- Pashto
- Espanyòl
- Swahili
- Vyetnamyen
Y ap chaje yon frè sèvis $4.25 pou chak tranzaksyon nan yon estasyon sèvis otomatik.
-
Pifò tranzaksyon Sekretè Deta yo ka ranpli sou Entènèt oswa pa lapòs. Anpil tranzaksyon ki lye ak lisans epi Idantifikasyon epi pifò tranzaksyon renouvèlman plak machin yo ka fèt nan yon estasyon oto-sèvis. Si w oblije vizite yon biwo Sekretè Deta, li vrèman konseye pou w planifye yon vizit nan biwo a. Ou ka pwograme randevou yo jiska sis mwa alavans.
Pou pran randevou sou entènèt la nan lang ou vle a, asire w itilize yon navigatè ki pwopoze fonksyon tradiksyon otomatik. Oswa pran yon randevou lè w rele nan 888-SOS-MICH (888-767-6424).
Eleksyon ak enfòmasyon elektè yo
-
Ou ka enskri pou vote nan Michigan si ou:
- Se yon sitwayen ameriken
- Pou pi piti 17.5 lane (preyinskripsyon a 16 lane)
- P ap pije yon pèn aktyèlman nan prizon
- Yon rezidan Michigan
Verifye estati enskripsyon ou a
Lè w itilize yon navigatè ki gen yon fonksyon tradiksyon otomatik, ou ka verifye estati enskripsyon elektè ou sou Michigan.gov/Vote.
Kijan pou enskri
Ou ka enskri pou vote sou Entènèt la (avèk yon lisans Michigan ak nimewo Idantifikasyon) oswa pa lapòs jiska 2 semèn anvan Jou Eleksyon an. Ou kapab enskri an pèsòn tou nan biwo grefye ki nan ki nan lokalite ou a nenpòt lè avan 8 pm Jou Eleksyon an.
Ou pa bezwen yon lisans chofè oswa yon kat idantite nan Michigan pou anrejistre pou vote pa lapòs oswa nan yon biwo elektoral ki nan lokalite ou a, ou kapab bay kat dènye chif nimewo Sekirite Sosyal ou a.
Tanpri sonje nan 14 jou apre yon eleksyon, ou dwe enskri an pèsòn nan biwo grefye w la avèk prèv rezidans ou.
Anrejistre an liy: Itilize yon navigatè ki gen fonksyon tradiksyon otomatik pou jwenn aksè sou entènèt la pou w anrejistre pou vote nan lang ou prefere a nan Michigan.gov/Vote.
Ou ka anrejistre sou entènèt la si:
- Ou gen yon kat idantite eta Michigan oswa lisans chofè ki valid
- Ou konnen 4 dènye chif nimewo Sekirite Sosyal ou yo
- Ou gen pou pi piti 17.5 lane (preyinskripsyon a 16 lane)
- Ou pa a mwens 14 jou de yon Jou Eleksyon
Si w enskri sou Entènèt nan 14 jou anvan yon eleksyon oswa jou eleksyon an, ou p ap elijib pou vote nan eleksyon sa a. Yo entèdi enskripsyon sou entènèt la nan lespas 10 jou apre mizajou idantifikasyon w oswa lisans chofè w la.
Tradiksyon ak navigatè – sèvis lang
Enskri avèk yon fòmilè enskripsyon enprimab: Ou ka enskri pou vote lè w itlize fòmilè enskripsyon elektè ki tradui epi ki ka enprime. Ou ka enskri ak fòmilè enskripsyon ki enprime yo si:
- Ou gen swa yon kat idantifikasyon eta ki valid nan Michigan oswa Lisans Chofè oswa 4 dènye chif nimewo sekirite sosyal ou (sèlman youn ki nesesè).
- Ou gen pou pi piti 17.5 lane (preyinskripsyon a 16 lane)
- Ou pa a mwens 14 jou de yon Jou Eleksyon
Fòmilè enskripsyon pou vote ki enprime/ Fòmilè pre-enskripsyon pou vote ki enprime
Enskri nan yon estasyon sèvis otomatik: Estasyon Sèvis Otomatik ofri tranzaksyon enskripsyon elektè nan lang ki pa angle. Pou plis enfòmasyon vizite Estasyon Sèvis Otomatik ki sou paj sit entènèt sa.
Enskri an pèsòn nan biwo grefye w la: Ou ka vizite biwo grefye lokal ou a pou w enskri pou w vote an pèsòn. Nan 14 jou apre yon Eleksyon, ou dwe enskri an pèsòn nan biwo grefye lokal ou a epi ou dwe prezante prèv rezidans. Prèv rezidans se yon dokiman ofisyèl ki bay non konplè w ak adrès aktyèl ou, epi li ka enkli yon deklarasyon labank, yon lisans MI valid oswa yon idantifikasyon, yon kontra lwaye, oswa yon fakti sèvis piblik.
Chèche biwo elektoral ki nan lokalite ou a
Vote nan yon eleksyon
Pou vote nan yon eleksyon, ou dwe:
- Yon elektè ki anrejistre nan Michigan
- Genyen omwen 18 lane
- P ap pije yon pèn aktyèlman nan prizon
- Rezidan menm vil, menm kanton oswa menm vilaj Michigan depi omwen 30 jou anvan eleksyon an
Ou gen dwa ak yon bilten vòt sekrè. Antanke elektè nan Michigan, ou ka mande pou vote pa korespondans nan nenpòt eleksyon san bay yon rezon.
-
Aplike pou yon Bilten Vòt pa korespondans
Chak elektè ki anrejistre nan Michigan ka vote lè l itilize yon bilten vòt pa korespondans. Pou fè yon demann bilten vòt pa korespondans, ou dwe ranpli epi soumèt fòmilè Demann Bilten Vòt Pa Korespondans lan.
Kòman pou ranpli Demann Bilten Vòt pa Korespondans lan:
- Ranpli epi soumèt yon aplikasyon sou Entènèt la pandan w ap itilize yon navigatè ki gen yon fonksyon tradiksyon otomatik. Fè demann nan sou Michigan.gov/Vote.
- Rele grefye vil ou a oswa kanton ou a epi mande pou yo voye yon aplikasyon enprime ba ou pa lapòs. Lokalize biwo grefye lokal ou a sou Michigan.gov/Vote.
- Telechaje yon aplikasyon ki ka enprime, ki tradui pou w retounen pa lapòs oswa an pèsòn bay grefye lokal ou a oswa minisipalite a. W ap jwenn fòmilè ki tradui yo la W ap jwenn fòmilè ki tradui yo la.
- Ale dirèkteman nan biwo grefye ki deziyen nan lokalite ou a.
Se grefye yo deziyen an ki dwe resevwa demann ou ranpli yo pa lapòs, pa imèl oswa pote l dirèteman a 5 pm vandredi anvan jou vòt la.
Ranpli epi voye bilten vòt pa korespondans ou a
Lè w fin soumèt yon aplikasyon, yo pral voye yon bilten vòt nan adrès ou a. Yo ka bay bilten vòt pa korespondans ou a an pèsòn tou pandan w ap vizite biwo grefye lokal ou a nan 40 jou anvan jou eleksyon an.
Opsyon pou retounen yon bilten vòt pa korespondans ki ranpli:
- Remèt bilten vòt ou ranpli a an men pwòp bay grefye lokal ki deziyen an an pèsòn. Lokalize biwo grefye lokal ou a sou Michigan.gov/Vote.
- Poste bilten vòt ki ranpli ou a bay grefye lokal ki deziyen an (li pa rekòmande pou poste l 2 semèn anvan Jou Eleksyon an). Frè pou retounen li a pre-peye pou fasilite yo voye bilten vòt la san anpil frè.
- Itilize bwat depo grefye ki deziyen an. Chèche biwo elektoral ki nan lokalite ou a ak sant ki pi pre w la nan Michigan.gov/Vote.
- Pote bilten vòt absan ou yo nan yon sit vòt antisipe pou mete yo nan yon machin depouy. Chèche sit vòt antisipe ou a sou Michigan.gov/Vote.
Aplikasyon pou bilten vòt AV an liy
-
Vòt antisipe nan Michigan
- Elektè Michigan yo gen dwa pou yo voye yon bilten vòt antisipe epi an pèsòn nan yon sit pou vote pa antisipasyon anvan Jou Eleksyon an.
- Vòt antisipe a posib nan chak eleksyon federal ak nan tout eta a.
- Antanke yon elektè ki anrejistre nan Michigan, ou gen dwa pou mennen yon entèprèt avèk ou sou sit vòt antisipe ou a. Ou ka mande nenpòt moun pou sèvi kòm yon entèprèt, eksepte pou moun sa yo:
- Anplwayè ou
- Yon ajan anplwayè ou
- Yon ofisye oswa ajan sendika ou
Pou vòt antisipe
- Peryòd vòt antisipe a fèt pou yon minimòm nèf jou konsekitif, ki fini dimanch anvan eleksyon an. Kominote yo ka deside bay jou vòt antisipe adisyonèl, jiska 28 jou total.
- Sit vòt antisipe yo dwe ouvri pou omwen uit èdtan chak jou pandan peryòd vòt antisipe a.
- Si yo pwopoze vòt antisipe a nan tout eleksyon federal yo ak nan tout eta a, vil yo ka chwazi pou pwopoze l tou nan eleksyon lokal yo. Règ ki gen rapò ak lè ak jou yo pa aplike.
Kote pou fè vòt antisipe
- Elektè yo ka vizite yon sit vòt antisipe nan zòn yo pou vote an pèsòn pandan peryòd vòt antisipe a. Yon sit pou vote pa antisipasyon se tankou yon biwo vòt kote elektè yo ka vote anvan Jou Eleksyon an, pandan peryòd vòt antisipe a. Elektè ki soti nan plis pase yon biwo sikonskripsyon, vil, oswa kanton ka plase nan yon sèl vòt antisipe komen.
- Elektè yo ka chèche sit vòt antisipe ki asiyen a yo a jiska 60 jou anvan Jou Eleksyon an sou Michigan.gov/Vote.
-
Vote nan biwo vòt ou a
Ou ka vote an pèsòn jou Eleksyon an nan biwo vòt ki deziyen an. Biwo vòt yo louvri ant 7 a.m. ak 8 p.m. pou chak eleksyon. Si ou nan liy pou vote a 8 p.m. lè biwo vòt yo fèmen, ou ka toujou vote epi yo ankouraje w rete sou liy lan pou resevwa bilten vòt ou.
Antanke yon elektè ki anrejistre nan Michigan, ou gen dwa pou mennen yon entèprèt avèk ou nan biwo vòt yo. Ou ka mande nènpòt moun pou sèvi w kòm entèprèt, sof si se yon moun ki ta ka enfliyanse vòt ou. Yon entèprèt pa ka:
- Anplwayè ou
- Yon ajan anplwayè ou
- Yon ofisye oswa ajan sendika ou
Pou jwenn biwo vòt ou, vizite Michigan.gov/Vote.
-
Lè w itilize yon navigatè ki gen yon fonksyon tradiksyon otomatik, ou ka tcheke estati enskripsyon elektè w sou Michigan.gov/Vote.
-
Liy Dirèk pou Entimidasyon Elektè ak Pwoteksyon Eleksyon
Elektè yo gen dwa pou yo vote san entimidasyon. Li ilegal pou entèfere ak dwa yon elektè pou vote. Itilize Liy Dirèk Pwoteksyon Eleksyon an pou rapòte entimidasyon elektè yo.
Entimidasyon elektè yo ka enkli, men pa limite ak:
- Moun ki pa ajan elektoral oswa fonksyonè elektoral k ap mande elektè yo dokiman pèsonèl yo
- Fè foto oswa videyo elektè yo san konsantman yo
- Bloke antre nan yon biwo vòt, biwo grefye a, oswa bwat depo bilten vòt pa korespondans yo
- Kesyone oswa nui elektè yo
- Difize fo enfòmasyon sou eleksyon oswa k ap twonpe moun
Si w gen nenpòt pwoblèm pou w voye vòt ou nan Jou Eleksyon an oswa anvan, oswa si w gen kesyon sou pwosesis vòt la, kontakte Liy Dirèk pou Pwoteksyon Eleksyon an pou jwenn asistans:
- Anglè: 866-OUR-VOTE (866-687-8683)
- Espanyòl: 888-VE-Y-VOTA (888-839-8682)
- Arab: 844-YALLA-US (844-925-5287)
- Bengali, Kantonè, Hindi, Koreyen, Mandaren, Tagalòg, Oudou, ak Vyetnamyen: 888-API-VOTE (888-274-8683)
Aksè nan lang
Rezidan Michigan yo gen dwa pou yo mennen yon entèprèt ki pa anglofòn avèk yo nan biwo yon grefye, nan yon sit vòt antisipe, oswa nan biwo vòt yo pou jwenn èd pou depoze bilten vòt yo a. Entèprèt ou a pa kapab enfliyanse vòt ou, li pa kapab patwon w, yon ajan patwon w, oswa yon ofisye oswa yon ajan sendika.
Li pa obligatwa pou prezante yon idantifikasyon ki genyen foto
Si ou pa gen idantifikasyon ki gen foto avèk ou, ou ka toujou vote. Ou pral oblije ranpli yon Afidavit ki di ke Votè a pa gen yon pyès idantite ak foto nan biwo vòt la.
Vòt pa korespondans san rezon
Chak elektè ki anrejistre nan Michigan gen dwa itilize yon bilten vòt pa korespondans pou vote lakay, vote pa antisipasyon, oswa vote pa lapòs. Aprann plis. Aprann plis.
Enskripsyon elektè nan menm jou a
Rezidan Michigan ki elijib yo ka enskri pou vote nan Jou Eleksyon an lè yo vizite yon biwo grefye lokal ki deziyen epi bay prèv rezidans yo. Prèv rezidans se dokiman ofisyèl ki gen non ak adrès ou ye kounye a, epi li enkli (men pa limite ak) yon Lisans Chofè oswa Idantite Eta a, yon fakti sèvis piblik, yon deklarasyon labank oswa kat kredi, oswa yon chèk. Aprann plis sou Michigan.gov/VoterRegistration.
Sitwayen ki retounen
Nan Michigan, sitwayen ki retounen yo, oswa moun ki gen yon kondanasyon pase yo, yo toujou elijib pou enskri ak vote, menm si yo sou libète kondisyonèl oswa nan pwobasyon. Yon moun ki nan prizon anvan jijman yo oswa k ap tann santans yo elijib pou enskri pou vote epi vote yon bilten vòt pa korespondans. Sèl entèdiksyon pou enskri ak vote pou yon moun pandan li nan prizon konsène moun ki nan prizon an aprè kondanasyon an. Aprann plis sou Michigan.gov/VoterRegistration.
Aksesibilite elektè yo
Elektè Michigan yo gen dwa pou benefisye yon kote ki aksesib nan biwo vòt yo epi pou yo itilize Tèminal Asistans pou elektè (VATs) pou ede yo vote. VAT yo se aparèy ki make bilten vòt ak amenajman espesyal pou andikap oditif, vizyèl, fizik ak lòt andikap. Votè yo gen dwa pou yo vote poukont yo epi an prive san asistans lè l sèvi avèk VAT, epi enspektè eleksyon sou plas yo (travayè biwo vòt) disponib pou ede oswa bay enstriksyon sou demann.
-
Kominote sa yo bay materyèl eleksyon ki tradui nan lang espesifik:
- Vil Dearborn: Arab
- Vil Hamtramck: Arab ak Bengali
- Vil Fennville: Espanyòl
- Vil Township: Espanyòl
- Covert Township: Espanyòl
Si ou pa konn li ak ekri anglè epi si pa gen bilten vòt ki disponib nan lang ou a, ou gen dwa mande nenpòt moun ou vle pou ede w. Sepandan, moun nan pa ka:
- Anplwayè ou
- Yon ajan anplwayè ou
- Yon ofisye oswa ajan sendika ou
Antanke yon elektè ki anrejistre nan Michigan, ou gen dwa pou mennen yon entèprèt avèk ou nan biwo vòt yo. Revize "Dwa vòt ou" pi wo nan paj sa a pou plis enfòmasyon.
-
Si w gen nenpòt pwoblèm pou voye vòt ou nan Jou Eleksyon an oswa anvan, kontakte Liy Dirèk pou Pwoteksyon Eleksyon an pou jwenn asistans:
- Anglè: 866-OUR-VOTE (866-687-8683)
- Espanyòl: 888-VE-Y-VOTA (888-839-8682)
- Arab: 844-YALLA-US (844-925-5287)
- Bengali, Kantonè, Hindi, Koreyen, Mandaren, Tagalòg, Oudou, ak Vyetnamyen: 888-API-VOTE (888-274-8683)
Fòmilè ak piblikasyon
Chèche resous ak dokiman ki tradui sou eleksyon lè w itilize meni Fòmilè ak Piblikasyon. Itilize filtè seleksyone Lang pou afiche dokiman ki tradui yo nan lang ou prefere a.
Mande yon dokiman ki tradui
Pou fè demann yon dokiman ki tradui, tanpri voye yon imèl bay MDOS-Access@Michigan.gov. Tanpri mete enfòmasyon sa yo nan demann pa imèl ou a:
- Non dokiman an
- Lang yo mande pou tradui a.